Jent militè Ginen Bisao la fè konnen li vle travay sou yon nouvo kad konstitisyonèl pou peyi a, kote li defye kominote entènasyonal la ki reklame pou l retabli konstitisyon aktyèl la.
Yon pòtpawòl jent la, Lyetnan Kolonèl Dahba Na Walma, fè konnen lidè jent yo ap fè konsiltasyon ak pati opozisyon yo pou chache fòme yon nouvo gouvènman.
Lidè ki soti nan CEDEAO, Kominote Ekonomik peyi Wès Afriken yo – te rankontre ak chèf jent yo, lendi 16 avril la nan capital la Bisao.
Na Walma fè konnen CEDEAO dakò pou l voye yon ekip teknik pou ede peyi a retounen nan rejim sivil.