Accessibility links

Breaking News

Fowòm Jèn : ‘Belle Ayiti’ yon Pwojè tou nèf Kap fè Pwomosyon pou Tourism ann Ayiti


Yon gwoup jèn espesyalman nan vil Kap-Ayisyen nan Depatman nò peyi a mete sou pye yon òganizasyon ki rele « Belle Ayiti». Objektif jèn òganizasyon sa a se fè pwomosyon pou tourism nan peyi Dayiti.

Yo tabli kontak ak ajans vwayaj , otèl ak gid pwofesyonèl nan lide pou fasilite aktivite touristik moun ann Ayiti tankou sila yo kap soti an deyò Dayiti ki vle vinn pase yon moman e dekouvri bote peyi a ak divès sit ak atraksyon touristik li yo.

Pou anpil obsèvatè « Belle Ayiti » reprezante yon pwojè tou nèf ki merite aplodisman ak ankourajman paske yap fè pwomosyon pou potansyalite ak bote kache zile karayib sa a --- bote ki kache akoz move enfòmasyon kap bay sou peyi a aletranje. Nan segman «Fowòm Jèn», Jacquelin Bélizaire te akeyi kòm envite Prezidan-Fondatè òganizasyon « Belle Ayiti a » Mompremier Job Peterson ki di pwojè sa a enskri nan lespri yon entreprenarya sosyal.

Mompremier Job Peterson se vis-prezidan yon lòt mouvman jèn ki se Club Entrepreneurial Accès jeunes e Senatè Depatman Nò nan palman Jenès .

Klike sou ikonn agoch paj atik la pou w koute edisyon Fowòm Jèn sa a sou Belle Ayiti ak Mompremier Job Peterson e Jacquelin Bélizaire.
XS
SM
MD
LG