Anvwaye espesyal Oganizasyon Nasyon Zini ak Lig Arab la pou Siri, Lahkdar Brahimi, repete yon apèl li te deja voye bay opozisyon an pou l mande militan yo aksepte patisipe nan yon konferans entènasyonal sou kriz peyi Siri ap travèse depi plis pase 2 zan edmi deja.
Pandan Misye Brahmi te pran lapawòl Jodi vandredi premye novanm 2013 la nan vil Damas, li fè konnen lap enposib pou yon konferans ki gen pou fèt nan vil Jenèv e ki mize anpil nan wout deja, eben, dewoule san patisipasyon opozisyon an.
Anvwaye espesyal la : “ Gouvènman siryen an deja bay garanti l ap patisipe nan konferans la. Opozisyon an --kit se kowalisiyon an, kit se lòt pati yo-- ap diskite toujou pou konnen kijan yo kapab voye reprezantan yo nan konferans Jenèv la."
Plizyè fwa rebèl yo fè tande vwa yo sou dosye a pou yo egzije Prezidan Bashar al-Assad bay demisyon li dabò, kòm kondisyon pou yo reponn prezan nan konferans lapè Jenèv la --yon konferans òganizatè yo fikse pwovizwaman pou mwa novanm ki kòmanse jodiya. Misye Brahimi fini pa di li espere yo va kapab jwenn yon solisyon sou dosye a nan 2 zou 3 jou kap vini la yo.
Pandansetan, nouvèl yo fè konnen avyon de gè peyi Izrayèl atake yon kagezon misil ki te sou yon baz militè nan Siri, tou prè vil Latakia. Daprè otorite ameriken ki tap fè kòmantè sou ensidan an nan jounen jedi a (a kondisyon pou non yo pa site), sanble atak ayeryen izrayèl lanse a te vize kèk misil yo fabrike nan Larisi e ki ta pral jwenn gwoup militan islamik Hezbollah, nan peyi Liban.