Accessibility links

Breaking News

Plizyè Peyi Manm OEA Kritike Desizyon Kou Konstitisyonèl Repiblik Dominikèn nan


Konsèy pèmanan òganizasyon Eta Ameriken an, OEA, nan Washington pwononse yo jodi a sou desizyon tribinal konstitisyonèl Repiblik Dominikèn nan te pran, sa pa gen lontan, pou li elimine sitwayènte dominikèn tout moun ki te fèt sou tèritwa dominiken an si paran etranje yo pa tap viv ilegalman ou te an tranzit nan peyi a.

Peyi manm Kominote Karayib yo ki anndan òganizasyon Eta Ameriken ak lòt peyi tankou Etazini ak Kanada kondane desizyon sa a yo konsidere kòm yon vyolasyon dwa moun, anpatikilye yon vyolasyon sitwayen Ayisyen-Dominiken.

Sekretè Jeneral OEA a, Miguel Insulza sou demand anbasadè ayisyen an, Duly Brutus, anonse kou entèameriken dwa moun pral fòme yon komisyon ankèt kap pral mennen envestigasyon sou dosye sa a nan Repiblik Dominikèn. Mesye Insulza di Lavwdlamerik, OEA pral fè efò pou l jwenn yon solisyon konsensus ki dwe enplike Ayiti ak Repiblik Dominikèn.

Pou anbasadè ayisyen nan nan OEA a, Duly Brutus, se yo gwo etap ki franchi nan efò Eta Ameriken deside fè pou anpeche aplikasyon desizyon kou konstitisyonèl Dominiken an.

Ansyen anbasadè Ayisyen nan repiblik dominikèn, Guy Alexandre, ki te reprezante gouvènman ayisyen an nan reyinyon Konsèy sekirite OEA konsidere rankont jodi a kòm yon gwo viktwa pou tout dominiken ke desizyon kou konsitityonèl konsène. Mesye Alexandre pwofite pou mande palman ayisyen kore efò anbasadè Pierre-Richard Casimir ap fè nan negosyasyon ant 2 peyi yo.

Sekretè jeneral OEA, Miguel Insulza, fè konnen disi 2 semèn misyon envestigasyon Kour Entè-ameriken dwazumen pral gen pou ale nan Repiblik Dominikèn.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj Lavwadlamerik.
XS
SM
MD
LG