Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis: Fen 3 Jou Grèv Pakè Tribinal Sivil yo


Ann Ayiti, otorite pakè tribinal sivil yo ap reprann travay madi 29 oktòb 2013 la apre 3 jou grèv yo fè pou yo pwoteste kont entèvansyon yon gwoup avoka ak palmantè ki, dapre sa responsab tribinal yo di, te antre daso, semèn pase a, nan pakè Pòtoprens la epi yo sòti ak Mèt André Michel, alòske li te gen pou l reponn akizasyon kòmkwa li ta mele nan yon zak kriminèl.

Ensidan sa a pwovoke anpil kòmantè depaman: Pa egzanp, gen obsèvatè ki di otorite lajistis yo te otorize depa Mèt Michel ak gwoup palmantè yo; gen lòt ki di gwoup la te egzèse presyon sou responsab pakè a ki te sede fasilman, sitou te genyen yon foul devan lokal pakè a ki tap reklame liberasyon akize a.

Klike sou « koute » pou w tande ekstrè yon entèvyou Mèt Francisco René, komisè gouvènman Pòtoprens la, bay Jean Robert Philippe sou fen grèv 3 jou a avèk dènye enfòmasyon sou sa ki rele « Afè Mèt André Michel la ».
XS
SM
MD
LG