Cornelia Chutt Richard, alyas Ticorn, yon gran non nan chanson tradisyonèl ayisyèn nan, yon gwo anbasadris mizik folklorik peyi Dayiti, pa sispann militipliye espektak toupatou. Sa pa gen lontan, li te ann Almay pou l te chante Ayiti e l te reprezante peyi a ansanm ak Beethova Obas nan yon spektak frankofoni.
Konnye a, Ticorn ap pare l pou l patisipe, nan dat 9 novanm kap vini la a nan New York, nan Gala 50èm anivèsè “Orchestre Tropicana d’Haiti”, nan Stuart Thomas Manor, nan Farmingdale, (N.Y.). Vrèman vre, Tropik la gen 50 tan (15 Out 1963-15 Out 2013) depi lap gate e chame piblik ayisyen an ak meloman etranje yo ak yon repètwa mizikal rich e byen founi.
Ticorn, ki toujou prezante tèt li kòm moun Okap, vil kote òkès Tropikana te pran nesans, ap non sèlman New York pou okazyon an, men tou le 16 novanm lap Kanada kote festivite 50e anivèsè “Fusée D’or Cap-Haïtien an pral rapouswiv.
Piblik ayisyen an ak tout moun ki konn apresye bon atis admire Cornelia Chutt non sèlman pou travay li reyalize nan karyè li, pou chwa mizikal li, men tou pou gran tèm klasik repètwa tradisyonèl ayisyen an li repran epi entèprete.
Ticorn ap travay kounye a sou yon nouvo pwojè avèk Beethova Obas (mizisyen, chantè, konpozitè ) e ak Jean-Claude Martineau “Koralen” (powèt, dizè) pou li ofri piblik la ak fanatik li yo yon nouvo CD disi ane kap vini an.
Klike sou ikòn agoch la pou w koute yon entèvyou Ticorn bay Jacquelin Bélizaire.