Accessibility links

Breaking News

Konvèsasyon nan Telefòn Vis-Prezidan Joe Biden ak Prezidan Martelly


Men tèks yon nòtpoulaprès ki sòti nan Biwo Afè Piblik Anbasad amerikèn nan Pòtopens:

--- Vis-Prezidan Joe Biden te pale ak Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, nan jounen mèkredi 23 oktòb 2013 a, pou yo te kontinye dyalòg sou apui peyi Etazini ak kontinye bay nan pwosesis rekonstriksyon, devlòpman ak pwogrè demokratik peyi Dayiti.
Prezidan Martelly te ensiste sou enpòtans eleksyon nan efò pou ranfòse fondasyon demokratik la an Ayiti. Vis-Prezidan Biden salye angajman Prezidan Martelly pran pou li kontinye travay pou ranfòse enstitisyon demokratik yo plis an Ayiti, tankou travay pou kenbe yon pouvwa lejislatif ki fò, ki endepandan.

Vis-Prezidan an konplimante Prezidan Martelly pou jefò lap fè pou travay ak Palman ayisyen an epi ak pati politik yo pou jwenn solisyon pou pwoblèm ki poko ka rezoud yo, epi pou apiye travay Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an pou fikse yon dat pou òganize eleksyon yo.

Prezidan Martelly te pataje ak Vis-Prezidan an jefò Administrasyon li a ap fè pou li konbat koripsyon ak pratik koripsyon andedan sektè piblik la. Vis-Prezidan Biden ak Prezidan Martelly te dakò ke yon dyalòg transparan avèk tout sektè ayisyen ki konsène nesesè pou eleksyon yo reyalize san pèdi tan.

Vis-Prezidan Biden te repete ke peyi Etazini rete yon zanmi ak yon patnè ki vle kenbe bonjan kontak ak Dayiti epi lap tann pou li ranfòse kowoperasyon ant 2 peyi yo pandan Ayiti ap travay pou l bati yon lavni ak plis pwosperite, plis sekirite pou pèp li a. ----
XS
SM
MD
LG