Prezidan Michel Martelly ak tokay meksiken li Felipe Calderon rankontre apre midi jedi 12 avril la nan kapital ayisyen an, Pòtoprens, nan kad yon vizit lidè Meksik la tanmen jedi maten nan peyi Dayiti.
Nan konferans pou laprès 2 dirijan yo bay nan palè nasyonal la, Mesye Martelly anonse li te diskite plizyè sijè enpòtan ki enterese 2 peyi yo, pami yo, relans komisyon bilateral miks ayisyano-meksiken-an, kooperasyon nan domèn edikatif e syantifik, komès ak devlopman.
Misyen Calderon genyen avèk li yon gwo delegasyon envestisè ki dwe rankontre avèk antreprenè ayisyen yo pou etidye posibilite pou yo ta envesti nan peyi Dayiti.
Klike sou link ki anba e agoch la pouw koute repòtaj sa a.