Accessibility links

Breaking News

Akizasyon Ofisyèl Pou G. Zimmerman Nan Afè Trayvon Martin nan


Yon pwokirè espesyal nan Eta Florid akize ofisyèlman George Zimmerman, yon ispano-ameriken blan, deske li komèt yon zak asasinay dezyèm degre apre lè li te rale revòlvè e touye yon jèn nwa ameriken , Trayvon Martin.

Komisè gouvènman Angela Corey anonse mèkredi apre midi George Zimmerman rann tèt li bay lapolis e li va genyen pou l parèt devan yon juj disi vandredi pou tande akizasyon k ap peze sou tèt li a.

Madam Corey pa bay detay sou evidans ki pouse l lage akizasyon asasinay dezyèm degre sou do akize nan ensidan 26 fevriye 2012 la, men li di li se atravè bon jan envestigasyon li deside pase nan faz sa a. Jij la presize tou ke “nan Florid lajistis pa pouswiv ni jije moun anba presyon opinyon piblik, men li jije moun sou baz evidans otorite yo gen nan men yo ak sou baz lalwa”.

Asasinay dezyèm degre a, vle di akize a te aji nan fèm entansyon pou l touye viktim li a, men se pa yon zak ke l te prepare davans. Santans maksimòm pou krim sa a si lajistis jwenn ou koupab se prizon avi.

Lapolis pat arete misye Zimmerman, manm volontè yon brigad vijilans, apre li te tire e touye Trayvon Martin, yon jèn gason 17 tan nan mwa fevriye a. Misye Zimmerman di se Martin ki te atake l e’l tire misye pou defann tèt li.
XS
SM
MD
LG