Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Sena a Ratifye Premye Minis Deziye a, Laurent Lamothe


19 vwa pou—3 kont ak 1 abstansyon se rezilta vòt Sena ayisyen an anfavè Premye Minis deziye Laurent Lamothe ki ka vini pwochen chèf gouvènman peyi Dayiti si chanm depite a apwouve nominasyon li. Nan deklarasyon li fè bay Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la apre vòt la, dezyèm senatè depatman Nò-a, Moïse Jean-Charles, di vòt sa-a se yon vòt pèsonèl.

Senatè Jn Charles di : " Se yon vòt ki pa teknik, ki pa politik, men se yon vòt pèsonèl. Nou admèt desizyon an, men se pou pèp ayisyen an."

Pou Senatè depatman Lwès la, Jean-Hector Anacasis, se yon vòt politik ki fèt anba enflyans kominote entènasyonal la.

Senatè Anacasis di :"Mwen panse gen yon aranjman politik ki fèt, e se apati aranjman politik sa a gen yon vòt politik."

Senatè Anacasis site vizit Chery Mills, konseyè e chèf pèsonèl Sekretè Deta ameriken Hillary Clinton, fè ann Ayiti jou vòt la, ak vizit anbasadè kanadien an, Paul Raudin, ki te pase, dapre misye Anacacis, plis pase 1èd tan nan yon estasyon radyo ap eksplike kòman absans yon gouvènman kreye enstabilite politik nan peyi a.

Senatè Anacacis deklare pou fini "vòt sa a, se yon vòt ki baze sou yon seri siyal kominote entènasyonal la te voye."

Chanm depite a deja fòme yon komisyon ki pral etidye dosye premye minis deziye a, Laurent Salvador Lamothe.

Klike sou link ki anba e agoch la pou w tande deklarasyon sa yo.
XS
SM
MD
LG