Accessibility links

Breaking News

Aksidan Wout ann Ayiti: Omwen 25 Moun Mouri


Ann Ayiti, yon aksidan tèrib ki rive sou wout sid la pandan wikenn nan koze lanmò 25 moun pou pi piti, tandiske anviwon 40 lòt blese.

Daprè otorite yo, koz aksidan sa a se le fèt ke yon kamyon pasaje -ki t ap tranpòte machandiz tou- te pèdi fren epi li fè aksidan nan zòn Mòn Tapyon, tou prè vil Tigwav.

Responsab yo sispèk tou kamyon an te chaje depase limit. Nouvèl ki sòti nan biwo prezidans la, nan Pòtoprens, di Prezidan Michel Martelly voye kondoleyans li bay fanmi viktim yo.
XS
SM
MD
LG