Accessibility links

Breaking News

Etazini/Bidjè : Yon Komisyon Miks Kongrè a ap Chache Rekonsilye Opinyon 2 Pati yo


Gouvènman Lèzetazini an relouvri depi jedi 17 oktòb la aprè li te pase 16 jou fèmen pasyèlman; men manm Kongrè a genyen devan yo toujou yon gwo kokenn travay : se efò yo dwe fè pou yo elimine divizyon ki egziste antre yo konsènan priyorite depans peyi a ak sistèm taksasyon an.

Prezidan Barack Obama, ki se yon demokrat, ak opozan repibliken l yo nan Kongrè a, pat janm rive jwenn yon antant sou bidjè global gouvènman an pandan pi fò nan 5 kan misye Obama deja pase sou pouvwa, kote yo te oblije pran kèk dispozisyon espesyal pou yo pèmèt gouvènman an kontinye fonksyone –men se dispozisyon ki toujou debouche sou kriz.

Sa gen yon jou kèk palmantè enpòtan (Demokrat ak Repibliken) kòmanse yon seri chita-tande kote y ap eseye elimine gwo diferans 2 pati yo genyen sou bidjè 2014 la ke 2 chanm Kongrè a apwouve –n ap raple Repibliken yo konkwole youn nan chanm yo (an palan de Chanm Bas la), tandiske Demokrat yo kontwole Sena a.

Ozetazini, sektè liberal la, an jeneral, toujou apiye plis depans Leta Federal la pou pwogram sosyal yo ak plis taks pou swen-sante, tandiske, dabitid, Repibliken konsèvatè yo ap mande pou Leta koupe sou taks yo e pou gouvènman an diminye patisipasyon n nan pwogram sosyal yo.

Antant 2 pati yo jwenn pou pèmèt gouvènman an relouvri epi leve plafon dèt nasyonal la, mande pou komisyon miks kap negosye sou bubjè 2014 la rive jwenn yon akò sou kesyon an pa pi ta ke mitan mwa desanm pwochen an, swa anviwon yon mwa anvan lajan ki pèmèt gouvènman an rekòmanse fonksyone a, fin depanse nèt.
XS
SM
MD
LG