Accessibility links

Breaking News

Rankont Sekretè Deta Kerry ak Anvwaye Espesyal Brahimi sou Kriz la nan Siri


Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, gen pou l rankontre avèk anvwaye espesyal Nasyonzini/Lig Arab la, Lakhdar Brahimi, pou yo diskite sou yon pwojè konferans pou lapè pou Siri, alòske eksplozyon yon machin pyeje ki fè plizyè mò nan Damas, montre klima vyolans la poko fini nan peyi a.

Diplomat ki nan vil Lond, nan la Grand Bretay, fè konnen chita-tande a pral dewoule ant Misye Kerry ak Miyse Brahimi lendi 14 oktòb la sou aranjman ki dwe fèt pou konferans la ki rete nan stad yon plan depi lontan eja. Semèn pase a, Depatman Deta a te fè konnen li ijan pou konferans sa a fèt epi pote yon solisyon politik pou kriz la nan Siri.

Pandanseta, yon gwoup enpòtan nan opozisyon siryèn nan --an palan de Konsèy Nasyonal Siri a-- pale dimanch 13 oktòb la pou l di li ka patisipe nan konferans la e li kritike pozisyon kominote entènasyonal la pran sou lit lap mennen kont rejim Prezidan Bashar al-Assad la.
XS
SM
MD
LG