Accessibility links

Breaking News

Yon Delegasyon Depatman Deta Ameriken an Vizit ann Ayiti


Cheryl Mills -photo achiv-
Cheryl Mills -photo achiv-
Ann Ayiti, yon delegasyon ameriken, ki sòti nan Depatman Deta a, twouve l nan Pòtoprens kote manm yo pral rankontre avèk otorite yo ak lòt pati konsène yo sou dosye elektoral la ak divès lòt kesyon.

Delegasyon sa a gen nan tèt li diplomat ameriken wo-plase Cheryl Mills. Vizit la ap dewoule apre yon manm Kongrè ameriken an te mande entèvansyon administrasyon Obama a pou ede rezoud kriz politik Ayiti ap konfwonte depi kèk tan deja a.

Klike sou “koute” pou w swiv yon korespondans Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG