Tout manm Sena ayisyen an, san wete youn, vote mèkredi 2 oktòb 2013 la, pou yo adopte pwojè-lwa elektoral la.
Kèk senatè, ki pale ak laprès apre vòt la, konfime nouvèl ki fè konnen manm Gran Kò a pote kèk modifikasyon nan vèsyon Chanm Depite a te voye ba yo a.
Nan ka sa a, lap nesesè pou Depite yo -ki an vakans kounye sa a- retounen nan yon sesyon ekstwòdinè, sou konvokasyon Prezidan Repiblik la, pou yo travay ak Senatè yo pou elimine diferans ki egziste ant 2 vèsyon yo.
Klike sou “koute” pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior.