Ozetazini, yon gwo pati nan gouvènman ameriken an fèmen pou la premyè fwa nan 17 tan. Se rezilta mezantant ki egziste nan Kongrè a kote 2 chanm yo pa rive antann yo pou yo apwouve yon nouvo bibjè nan delè yo te genyen pou yo fè sa, sètadi anvan kòmansman ane fiskal la madi premye oktòb 2013 la.
3 fwa nan jounen nan jounen lendi a, Chanm dè Reprezantan an ki anba kontwòl Repibliken yo –kidonk, pati opozisyon an- te apwouve yon lejislasyon sou depans leta federal la ki ta kapab pèmèt gouvènman an kontinye fonksyone; men dokiman an tap elimine finansman pou refòm nan sistèm swen sante a --refòm yo rele Obamacare la-- ki te pase nan tou lè 2 chanm yo.
Aprè atak Repibliken yo kont legalite refòm nan, Kou Siprèm nan, pi gwo tribunal peyi a, te pran yon desizyon ki kore lwa sou refòm nan. Se poutèt sa, chak fwa majorite repibliken an nan Chanm Bas la te voye bay Sena a yon lejislasyon sou bibjè a avèk yon kloz ki revoke lwa sou Obamacare la, Sena a --ki anba kontwòl Demokrat yo-- te rejte li rapidman e san ezitasyon. Nan deba ki te dewoule anvan minui lendi swa –lè gouvènman te gen pou fèmen an-- lidè majorite a nan Sena a, Harry Reid, te akize Repibliken yo deske yo fè eksprè pou yo fèmen aktivite leta federal la. Senatè Reid di:
“Yo eseye fè menm bagay la plizyè fwa. Yo vote vote 45 ou 46 fwa pou yo elimine lwa sou Obamacare la. Sa, se yon gwo kantite fwa yo aji konsa. E kounye a yo eseye fè sa ankò. Yo fèk vote yon lòt lejislasyon pou yo elimine Obamacare la. Yo bliye si Obamacare la deja tounen yon lwa.”
Senatè Reid te ankouraje prezidan Chanm dè Reprezantan an, Depite Republiken Eta Ohio John Boehner, pou l pèmèt tout chanm nan vote sou yon lejislasyon ki ta pèmèt gouvènman an kontinye fonksyone pwovizwaman, men ki ta kite lwa sou refòm nan swen-sante a entak, san chanjman. Misye Boehner te refize. Li tap genyen pou eksplike aksyon l nan yon ti moman aprè minui te sonnen e lè te rive pou yon pati nan gouvènman federal la sispann travay. Misye Boehner deklare:
“Chanm Depite a deja pale klè pou l fè konnen pozisyon l: Nou kwè nou dwe finanse travay gouvènman an, menm jan nou kwè dwe genyen yon ekite-de-baz, dwe genyen jistis pou tout Ameriken nan Obamacare la.”
Fèmti gouvènman ameriken an pral oblije yon afè de 800 mil anplwaye federal sispann travay, menm jan sa pral oblije anpil mize ak lòt sant touristik e kiltirèl (tankou pak nasyonal ak jaden botanik ak jaden zoolojik) fèmen pòt yo.
Nan yon mesaj sou video Prezidan Barck Obama mete devan pèp ameriken an byen bonè madi, li anonse li siyen yon dekrè-lwa kap pèmèt manm lame amerikèn nan kontinye resevwa chèk yo. Nan menm anons la, Misye Obama eksprime apui li pou sivil kap travay nan sistèm defans peyi a e ki pral sibi konsekans fèmti gouvènman an. Prezidan Obama fè konnen:
« Pou tout sivil kap travay pou Depatman Defans la, mwen konnen jou kap vini la yo pral pote plis kè-sote, e menm genyen nan nou kap pèdi travay nou. Mwen byen konnen sa pral ajoute sou pwoblèm sila yo pami nou ki te tonbe nan chomaj pandan sezon ete a. Nou menm ak fanmi nou merite plis pase move travay nou wè kap fèt nan Kongrè a. Se talan nou ak devouman nou ki pèmèt lame nou an tounen pi bon lame ki egziste nan lemond. Se pou sa mwen pral kontinye travay ak Kongrè a pou n relouvri gouvènman an e pèmèt nou retounen nan travay pi vit posib. »
Daprè kèk espesyalis, si gouvènman an rete fèmen pandan 2 semèn, sa kapab ralanti plis toujou yon ekonomi ki te deja ap redi pou l sòti nan yon resesyon, akoz gwo bès ki pral genyen nan lajan sektè tourisitik la abitye bay, mete sou anplwaye leta federal yo kap koupe sou depans yo, paske anpil nan yo pap gen travay.