Accessibility links

Breaking News

Bon Jan Menas pou Gouvènman Federal Ameriken an Fèmen Lendi a Minui


Lidè Majorite a nan Sena a, Harry Reid (adwat) ak kòlèg demokrat li, Richard Durbin, pandan li tap pale ak laprès sou mwayen pou yo evite yon fèmti gouvènman an.
Lidè Majorite a nan Sena a, Harry Reid (adwat) ak kòlèg demokrat li, Richard Durbin, pandan li tap pale ak laprès sou mwayen pou yo evite yon fèmti gouvènman an.
Nan moman nap ekri atik sa a --nan kòmansman jounen lendi 30 septanm 2013 la-- rete kèk zèdtan sèlman anvan pou yon gwo pati e menm pi fò nan biwo gouvènman ameriken an fèmen e sispann travay, paske pa gen okenn siyn ki montre manm 2 chanm Kongrè a ta prè pou yo jwenn yon konpwomi sou depans leta federal la, kidonk sou bibjè nasyonal la pou ane fiiskal 2013-2014 la.

Vrèmanvre, si palmantè ameriken yo pa rive jwenn yon antant a la dènye minit, plizyè santèn milye anplwaye federal pral sispann travay depi minui sonnen. Nan moman lè efrayik sa a pa twò lwen pou rive sou nou, Sena a –ki anba kontwòl Demokrat yo, kidonk, pati Prezidan Obama a- ak Chanm Dè Reprezantan an -ki anba kontwol Pati Repibliken an, alòs pati opozisyon an)- twouve yo dozado sou kesyon pou konnen eske yo dwe pwolonje otorite gouvènman an pou l fè depans.

Youn nan pi gwo rezon mezantant sa a, se yon lwa sou refòm nan sistèm swen sante a ki te pase sa pa gen lontan. Tandiske Demokrat yo vle lwa sa a antre aplikasyon avèk pwochen bidjè a, gen Repibliken ki non sèlman ta renmen ranvwaye aplikasyon lwa a pou yon peryòd 2 zan omwen, men anpil nan yo vle elimine li tou sepleman, alòske administrasyon Obama a konsidere refòm nan sistèm sante a kòm pi gwo reyalizasyon l jiskaprezan, puiske se yon refòm divès adminitrasyon amerikèn tap eseye jwenn depi plis pase yon demi syèk.

Depute repebliken Kevin McCarthy –ki tap pale dimanch sou antèn chèn televisyon Fox TV News- di li prevwa lejislasyon sou budjè a pral kontinye fè va-e-vyen toujou ant 2 chanm yo. Depite McCarty deklare :

“Mwen panse manm Chanm Depite a gen ase tan pou yo reyini epi voye bay Sena a yon lòt pwopozisyon ki pap mande pou gouvènman an fèmen, men pito li pral finanse gouvènman an. Li pral gen ladan n kèk lot opsyon pou Sena a pran an konsiderasyon.”

Bò kote pa l, Minis Defans ameriken an, Chuck Hagel, lanse yon avètisman bay manm Kongrè a kote, daprè li, politik ping-pong kap fèt sou bibjè a mennen gouvènman federal la pi prè lè kote li kapab oblije fèmen. Misye Hagel atire atansyon depite ak senatè sou konsekans grav sa l konsidere kòm “move travay yap fè la a”. Chèf Pentagòn nan di si jwèt sa a kontinye, Lèzetazini pral tounen yon peyi engouvènab.

“Ozetazini Damerik, si bagay sa kontinye, nou pral geyen yon peyi ki engouvènab. Sa, se yon fason totalman iresponsab pou moun dirije yon peyi. »

Nan Lavwadlamerik, biwo resous zimèn nan ki fè pati Direksyon Pèsonèl la, te fè yon rankont nan mitan jounen vandredi a avèk anplwaye yo pou di yo kisa k pral pase si jamè gouvènman an ta fèmen. Dona Grace se youn nan responsab biwo a ki te pale ak anplwaye yo. Madam Grace di (vandredi 27 septanm 2013 la):

« Genyen anpil tan ki rete pou yo rive jwenn yon antant e nou tout espere yo pral jwenn yon antant. Eske anplwaye yo pral gen pou rete lakay yo san travay? Nou pa konnen konbe tan yon desizyon konsa ka dire, ni si nap gen pou n pran yon desizyon konsa. An tou ka, se nout tout ki espere sa pap rive… »

Si 2 chanm Kongrè a pa rive antann yo sou yon bidjè anvan minui lendi swa, gouvènman ameriken ap fèmen. Sepandan, anplwaye otorite yo konsidere kòm « anplwaye esansyèl yo » ap genyen pou yo vin travay kanmèm, menmsi yo pap ka touche toutotan Kongrè a pa vote yon nouvo bidjè.
XS
SM
MD
LG