Accessibility links

Breaking News

Lit Kont Zak Teworis … nan Mitan Mesaj Chèf Delegasyon yo nan l’ONU


Nan premye jounen 68èm sesyon asanble jeneral Oganizasyon Nasyonzini an nan New York, madi 24 septanm 2013 la, prezidan iranyen an, Hassan Rouhani, pran lapawòl pou l di, antwòt, gouvènman n nan rete ouvè pou l fè yon dyalòg transparan e imedya non sèlman avèk Lèzetazini, men ak tout peyi oksidantal yo sou pwogram nikleyè iranyen an.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ki te pran lapawòl tou byen bonè nan matine a e ki te denonse pwogram zam nikleyè Teyeran an, anonse li bay sekretè deta John Kerry lòd pou l eksplore posiblite pou yon bagay pozitif sòti nan pwopozisyon nouvo lidè iranyen an --sètadi, Misye Kerry gen pou l sèvi ak diplomasi pou l wè ki antant ki posib sou pwogram nikleyè Iran an.

Pami lòt lidè mondyal ki te sou pwogram madi a, te genyen prezidan Repiblik Ajantin nan, Cristina de Kirchner, ki te abòde, li menm tou, dosye teworism entènasyonal la. Madam de Kirchner di :
"Peyi nou an, Ajantin, ansanm avek Lèzetazini Damerik, se 2 sèl peyi sou kontinan ameriken an ki sibi atak teworis. Nan ka pan ou an, nou sibi atak sa yo an 2 okazyon : youn nan lane 1992 avèk yon eksplozyon nan anbasad Izrayèl la nan Buenozè; epi 2 zan apre sa, yon lòt eksplozyon te fèt nan yon sant kominotè jwif nan Ajantin.”
Prezidan de Kirchner ajoute 2 atak teworis peyi li li te sibi yo bay gouvènman l nan yon obligasyon pou li denonse zak konsa e apiye efò kominote entènasyonal la ap fè pou l lite kont mouvman teworis yo e kont tandans kèk gwoup genyen pou yo sèvi ak zak konsa pou yo atenn objektif yo, olye yo sèvi ak negosyasyon epi chache konsansis pou rezoub pwoblèm yo.
XS
SM
MD
LG