Accessibility links

Breaking News

68èm Sesyon Anyèl Asanble Jeneral l’ONU an ap Kòmanse 24 Septanm 2013 la


Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, ki dewoule chak ane, ap tanmen madi 24 septanm 2013 la nan New York kote chèf deta, chèf gouvènman ak otorite wo-plase divès peyi nan lemond pral pran lapawòl pou yo bay opinyon yo sou eta sitiyasyon an sou planèt nou an, an jeneral, e nan peyi yo an patikilye.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, pral mete mesaj li devan asanble a nan menm jounen madi a, epi Premye Minis Laurent Lamothe –ki nan tèt delegasyon peyi d Ayiti a-- gen pou l pran lapawòl jedi 26 septanm nan. Kèk seyans travay sou kesyon sosyal yo ap dewoule nan jounen lendi a.

Se 68èm sesyon Asanble Jeneral lONU an. Prezidan ak manm divès delegasyon –tankou pa Ayiti a-- gen pou yo patisipe tou nan konferans anyèl Inisyativ Global Clinton nan ki toujou koyenside avèk ouvèti Asanble Jeneral Nasyon Zini an.

Klike sou “koute” pou w swiv yon entèvyou anvwaye espesyal nou, Jean Robert Philippe, bay Serge Rodriguez sou 68èm sesyon Asanble Jeneral l ‘ONU an.
XS
SM
MD
LG