Accessibility links

Breaking News

2 Move Tan Touye Preske 100 moun o Meksik


O Meksik, anviwon 100 moun mouri viktim 2 move tan ki frape 2 kòt peyi a. Kowodinatè nasyonal Sèvis Pwoteksyon Sivil la, Luis Felipe Puente, fè konnen kantite moun ki pèdi lavi yo akoz lapli ki pase plizyè jou ap tonbe, monte rive 97. Se rezilta pasaj Silòn Ingrid ki antre sou kòt Gòlf Meksik la, tandiske Tanpèt Twopikal Manuel frape kòt pasifik la, pi presizeman Pwovens Sinaloa.

Chif otorite yo bay pou kantite viktim yo pa konte plizyè douzèn moun ki disparèt aprè yon eboulman te frape vilaj La Pintada, alwès vil touristik Acapulco. Sekouris ap fouye nan debri yo pou wè si yo ta jwenn yon afè de 68 moun ki pa reponn a lapèl aprè yon moso mòn te sòt tonbe, mèkredi 18 septanm 2013 la, epi li pwovoke yon glisman teren nan rejyon La Pintada kote li antere kay, lekòl ak divès vilaj sou pasaj li.

Majistra kominal yon bouk ki rele Atoyac de Alvarez e ki kontwole vilaj La Pintada administrativman, fè laprès konnen sekouri yo rive wete 15 kadav pou pi piti anba debri yo. Lame meksikèn ak avyon komèsyal rive deplase plis pase 5 mil moun sou yon afè de 40 mil touris ki bloke nan Acapulco, kote lari yo ak tèminal ayewopò yo kouvri ak dlo lavalas ki rive jous nan jenou moun yo, akoz lapli Tanpèt Twopikal Manuel lage nan zòn nan.
XS
SM
MD
LG