Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ak Brezil Ranvwaye yon Vizit Ofisyèl Prezidan Rousseff nan Washington


Prezidan Barack Obama (nan mitan) ap pale ak Prezidan Brezil la, Dilma Rousseff, nan resan somè G-20 an nan vil St. Petersbourg, nan Larisi (6 septanm 2013).
Prezidan Barack Obama (nan mitan) ap pale ak Prezidan Brezil la, Dilma Rousseff, nan resan somè G-20 an nan vil St. Petersbourg, nan Larisi (6 septanm 2013).
Prezidan Brezilyen an, Dilma Rousseff, anile plan li te genyen pou l te fè yon vizit deta nan Washington mwa pwochen an kòm yon reyaksyon kont operasyon espyonaj yon ajans Lèzetazini te fè sou peyi li.

Prezidan Rousseff te gen pou l resevwa yon omaj nan kapital Lèzetazini an nan dat 23 Oktòb pwochen an, e se tap premye vizit deta Prezidan Barack Obama tap resevwa depi li te kòmanse yon 2èm manda kòm lidè ameriken.

Madi 17 septanm 2013 la, biwo prezidans la nan Brazilya pibliye yon deklarasyon pou l di absans yon ankèt sou akizasyon espyonaj ki tonbe sou do Ajans Sekirite Nasyonal Ameriken an, fè kondisyon yo pa reyini pou Madam Roussef fè vizit la. Pòtpawòl Mezon Blanch la, Jay Carney, di Prezidan Obama byen konprann pozisyon lidè brezilyen an. Misye Carney deklare:

“Prezidan Obama rekonèt ak prezidan Rousseff li enpòtan pou yo selebre bon jan relasyon, rapò elaji ki ekziste ant 2 peyi yo. Yon sèl grenn pwoblèm pa dwe deranje relasyon sa yo, kèlkeswa enpòtans pwoblèm sa a ou byen defi li poze pou 2 peyi yo. Pou rezon sa a, 2 lidè yo mete yo dakò pou yo ranvwaye vizit deta prezidan Rousseff te gen pou l fè nan Washington nan.”

Otorite ameriken yo fè konnen sèl objektif pwogram siveyans ajans sekirite ameriken an, se swiv e siveye moun yo sispèk kap mennen aktivite teworis.
XS
SM
MD
LG