Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Pwojè-Lwa Elektoral la Devan yon Komisyon Senatoryal


Ann Ayiti, yon komisyon senatoryal ap pare pou l kòmanse travay sou pwojè-lwa elektoral la ki deja pase nan Chanm Depite a. Nan entèvyou kèk senatè bay Lavwadlamerik, yo fè konnen yo dispoze fè yon travay total e konplè; kidonk, yo pa sòti pou yo sede anba presyon pou yo prese apwouve dokiman an.

Yon deklarasyon konsa fè moun panse pwosesis elektoral la pral pran anpil tan ankò e sa jete plis dout sou posiblite pou eleksyon yo dewoule anvan fen ane 2013 la.

Klike sou « Koute » pou plis detay avèk korespondan nou Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG