Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, kòmanse yon kanpay konsiltasyon prive ak lidè politik yo nan moman yon manm gouvènman an konteste vòt pwojè lwa elektoral la nan Chanm Depite a.
Daprè tout endikasyon, objektif inisyativ sa a se pou lidè ayisyen an elaji kad patisipasyon nan rechèch solisyon pou pwoblèm peyi a ap travèse yo, e tou espesyalman pou kriz elektoral la.
Nap raple sa gen apeprè yon mwa, lidè opozisyon an te boude yon envitasyon Misye Martelly te lanse pou yon rankont sou dosye elektoral la, paske, antwòt, dirijan politik yo te jije envitasyon an te manke dekowòm, sitou presizyon ak detay sou rezondèt rankont la.
Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe.