Accessibility links

Breaking News

Previzyon Ankourajan pou Mache Travay la Ozetazini.


Previzyon yo tèlman bon, sanble otorite monetè yo pap bezwen enjekte dola sou mache ankò pou ankouraje pwogrè ekonomi an
Previzyon yo tèlman bon, sanble otorite monetè yo pap bezwen enjekte dola sou mache ankò pou ankouraje pwogrè ekonomi an
Daprè yon rapò ki fèk parèt Ozetazini, gwo konpayi ak bisniz ameriken yo dispoze plis ke anvan pou yo bay moun travay pandan 3 dènye mwa ane sa a –swa ant oktòb ak desanm 2013.

Amelyorasyon sou mache travay la se yon faktè enpòtan nan efò otorite konsène yo ap fè pou yo konnen eske yo pral genyen pou ralanti sou dispozisyon yo pran pou ankouraje kwasans ekonomik nan peyi a, yon fason pou Lèzetazini te sòti nan resesyon ki te kòmanse nan ane 2009 la.

Pami konpayi ki anonse li pral ofri plis travay yo, genyen Manpower Group, ki di li deja fè entèvyou avèk 18 mil kandida-anplwaye ; e kalkil li fè montre konpayi a 13 fwa pi dispoze anboche nouvo anplwaye pase pou l revoke moun. Daprè vis-prezidan konpayi a, Chris Layden, se premye fwa nan 6 zan avni mache travay la parèt bèl konsa.
XS
SM
MD
LG