Sekretèdeta ameriken an, John Kerry, ak tokay russ li, Sergei Lavrov, tanmen konvèsasyon jedi apre midi nan vil Jènèv, nan peyi Lasuis---konvèsasyon ki gen pou objektif demantibile asenal zam chimik Siri a.
Nan deklarasyon li fè anvan chita-koze a ki dewoule jedi apre midi nan kapital suis la, misye Kerry di li espere diplomasi va ede evite yon posib atak Lèzetazini kont Siri pou swadizan wòl fòs gouvènman siryen an nan atak ak zam chimik alantou kapital siryèn nan, Damas, mwa pase a.” Chèf diplomasi ameriken an deklare, tandiske Lèzetazini ak Larisi pa dakò sou moun ki responsab atak la “nou dakò gen sivil ki pèdi lavi yo ladan… e ke zam chimik se yon menas nan konfli siryen an “.
Misye Kerry ajoute li twò bonè pou di si diplomasi pral bay rezilta ya p chèche a, men Lèzetazini ‘serye’ nan efò lap deplwaye yo’.
Tokay riss li a, Sergei Lavrov, di li kwè Lèzetazini vle jwenn yon konsensis ak Larisi. Misye Lavrov te pale tou sou yon atik prezidan ris-la, Vladimir Poutine, pibliye nan jounal ameriken, The New York Times, kote lidè ris la lanse yon “prigad” bay Lèzetazini kont atak militè sou gouvènman prezidan Bashar al-Assad la, yon alye depi dikdantan Larisi.
Misye Kerry pa dakò tou ak kòmantè prezidan Assad fè pou di Lasiri kapab tann yon mwa anvan l founi enfòmasyon sou stòk zam chimik li yo apre Damas aksepte antre nan konvansyon entènasyonal ki entèdi itilizasyon kalte zam sa yo.
Nan yon entèvyou misye Assad bay yon chèn televizyon ris jedi li di “peryòd yon mwa a se yon peryòd standard “ (konprann nòmal). Men misye Kerry reponn pou di” pa genyen anyen nòmal nan sitiasyon ki egziste jounen jodi a (nan peyi Siri).