Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Eleksyon : Chanm Bas la Kòmanse Vote sou Pwojè-Lwa Elektoral la


Ann Ayiti, chanm bas la ratifye avèk 50 vwa pou, 11 kont, epi 16 abstansyon, rapò yon gwoup depite opozisyon prezante sou pwojè-lwa elektoral la (gwoup depite sa a fè pati komisyon ki tap analizye dokiman an).

Nan yon seyans ki dewoule jous byen ta jedi swa, palmantè yo -ki dekrete pèmanans pandan tout weekend nan- aksepte konvokasyon “an sesyon ektrawòdinè” Prezidan Michel Martelly te mande biwo chanm bas la. Nan seyans la, depite yo rive adopte 9 sou plis pase 240 atik ki nan pwojè-lwa a.

Pami atik yo apwouve yo, genyen youn ki kreye pòs « direktè jeneral » Pouvwa Egzekitif la te pwopoze.

Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj Rotchild François Jr.
XS
SM
MD
LG