Accessibility links

Breaking News

Etazini - Siri: Pouvwa Prezidan Lèzetazini an ak Pouvwa Kongrè a sou Kesyon Lagè


Pandan prezidan ameriken an, Barack Obama, ap anvizaje yon repons pou evennman kap dewoule nan peyi Siri –kote sanble lame ta itilize zam chimik nan batay avèk militan opozisyon an- li genyen pou l pran an konsiderasyon kèk faktè legal.

Daprè konstitisyon amerikèn nan, prezidan an se kòmandan an chèf fòs zame Lèzetazini an; sepandan konstitusyon an bay kongrè a dwa pou l deklare lagè e kontwole lajan kap finanse lagè yo.

An plis de sa, lwa ki pale de otorizasyon lagè a e ki la depi 40 tan déjà, fè prezidan an obligasyon pou l mete kongrè a ofisyèlman okouran yon aksyon militè 48 tè aprè li fin pran aksyon sa a, e okenn lagè pa ka dire plis pase 60 jou si li pa genyen otorizasyon kongrè a.

Yon otorite wo-plase nan Depatman Deta a fè konnen Prezidan Obama ap analize sitiyasyon an nan Siri e, lè li va genyen tout enfòmasyon ki nesesè yo, li va pran yon desizyon responsab sou kesyon an.

Anfen, divès obsèvatè ak gouvènman leve lavwa pou yo kondane itilizasyon zam chimik nan Siri -pami yo genyen gouvènman yon alye rejim Prezidan Bashar al-Assad la, an palan de gouvènman peyi Iran an.
XS
SM
MD
LG