Accessibility links

Breaking News

Kolonbi - Politik: Repriz Negosyasyon yo ant Gouvènman an ak Gwoup Geriya FARC


Nan peyi Kolonbi, Prezidan Juan Manuel Santos mande negosyatè li yo retounen Kiba pou yo reprann chita-tande-yo sou yon lapè posib ak gwoup geriya FARC (Fòs Zame Revolisyonè Kolonbyen an), pi gwo gwoup geriya ki egziste toujou nan Amerik Latin nan. Prezidan Santos fè anons la dimanch 25 out 2013 la, e li bay kèk detay sou desizyon gouvènman n nan pran pou l rekòmanse negosyasyon yo.

Prezidan Santos di: “Mwen pase lòd bay negosyatè yo pou yo retounen Kiba…. pou yo kontinye chita-tande yo pou wè si nou ka rive jwenn yon antant. Nou deja fè bon jan pwogrè; pwogrè nou pat janm fè anvan, menm si nou dwe reyalis ase pou n rekonèt genyen anpil travay ki rete pou n fè toujou. “

Prezidan Juan Manuel Santos fè anons sa a nan moman lame ak lapolis ranfòse patwouy yap fè nan Depatman Arauca, aprè mouvman geriya FARC la te tann yon anbiskad nan zòn nan pou yon kamyon plen sòlda. Bilan: 14 militè te pèdi lavi yo. Sa te rive samdi 24 out la, sou yon distans 390 kilomèt ak kapital la, Bogota.
XS
SM
MD
LG