Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Edikasyon - Nouvo Dat pou Ouvèti Lekòl la : Premye Oktòb 2013


Ann Ayiti, gouvènman an ranvwaye pou premye oktòb 2013 ouvèti lekòl la ki te fikse pou 2 septanm. Otorite yo fè konnen yo pran desizyon sa a sou demand plizyè sektè –pami yo genyen divès gwoup paran elèv avèk Asosyasyon Anseyan Ayisyen yo.

Yon lòt kote, minis ki responsab lyezon ak palman an, Ralph Théano, fè konnen li gen prèv ki montre yon vòt ki te dewoule nan chanm depite a pou kore youn ki te pase nan Sena e ki fikse fen manda yon tyè sena a pou janvye 2015 e non janvye 2014, se yon vòt ki pa valab, puiske seyans la pat genyen kowòm konstitisyon an mande a.

Nouvèl yo fè konnen Prezidan Michel Martelly ak madanm li twouve yo nan vil Miami, nan pati sid Eta Florid, nan kad yon vwayaj prive. Kèk manm palman an ap poze kesyon pou mande kijan Misye Martelly fè kite Ayiti alòske peyi a ap konfwonte pwoblèm grav ki mande atansyon pèmanan tout otorite yo. Kèk palmantè anonse yo gen plan pou yo konvoke prezidan an e poze l kesyon sou vwayaj li a.

Anfen, kò diplomatik la te vizite palman an, sa pa gen lontan, pou diplomat yo te fè depite ak senatè konnen kè-sote yo konsènan blokaj pwosesis elektoral la.

Reprezantan l’ONU nan peyi a, Madam Sandra Honoré, konfime rankont la e li di kominote entènasyonal la pare pou l pote asistans li bay operasyon elektoral la.

Klike sou « koute » pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou sijè sa a ak lòt pwen k ap domine aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG