Accessibility links

Breaking News

Vyolans ann Ejip: Plis pase 2 Douzèn Moun Mouri


Ann Ejip, nouvèl yo fè konnen plizyè douzèn moun mouri aprè fòs sekirite yo te pase alaksyon pou yo gaye 2 mouvman pwotestasyon an favè prezidan dechouke a, Mohamed Morsi.
Ann Ejip, nouvèl yo fè konnen plizyè douzèn moun mouri aprè fòs sekirite yo te pase alaksyon pou yo gaye 2 mouvman pwotestasyon an favè prezidan dechouke a, Mohamed Morsi.
Nouvè ki sòti nan vil Lekèr, kapital peyi Lejip, fè konnen plizyè douzèn moun mouri aprè fòs sekirite yo te pase alaksyon pou yo gaye 2 mouvman pwotestasyon an favè prezidan dechouke a, Mohamed Morsi. Laprès site kèk patizan Misye Morsi ki ta di kòmkwa 25 moun omwen pèdi lavi yo nan konfwontasyon vyolan ki dewoule byen bonè mèkredi 14 out 2013 la.

Medya leta, li menm, di gen 2 manm fòs sekirite yo, pou pi piti, pami moun ki mouri yo. Layla Mustafa, youn nan militan kap denonse sa yo rele

« koudeta kont gouvènman Morsi a », pale ak Lavwadlamerik e li konfime nouvèl ki di fòs sekirite yo te pase a laksyon byen bonè nan jounen an. Madam Mustafa deklare:

“Te gen fran-tirè ki te pran pozisyon sou tèt kèk kay tou prè Moské Raba a. Kout-zam ak bri kout-zam te kòmanse ozanviwon 7 tè di maten jodiya, e yap kontinye nan moman map pale avèk ou la a. “

Laila Mustafa kontinye pou l di aksyon fòs de lòd yo pa pral gen okenn konsekans sou mouvman ki sou pye pou mande retou Prezidan Morsi sou pouvwa a.

Nouvèl yo fè konnen pa gen manifestan ditou kounye a sou Plas Nahda, tou prè Inivèsite Lekèr la, youn nan zòn kote patizan prezidan dechouke a te reyini pou yo fè bri e mete egzijans yo devan nouvo gouvènman pwovizwa a. Sòlda enstale kòdon-sekirite pou anpeche moun antre sou kanpis inivèsite a.
XS
SM
MD
LG