Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Desann yon Wòkèt ejipsen


Izrayèl desann yon wòkèt ki tap sòti ann Ejip e ki e vize vil Elat, bò Lanmè Wouj la, kèk jou sèlman apre ejipsyen yo te akize Izrayèl deske li te lanse atak ki te touye 4 konbatan sou Preskil Sinayi a.
Izrayèl desann yon wòkèt ki tap sòti ann Ejip e ki e vize vil Elat, bò Lanmè Wouj la, kèk jou sèlman apre ejipsyen yo te akize Izrayèl deske li te lanse atak ki te touye 4 konbatan sou Preskil Sinayi a.
Kèk jou sèlman apre ejipsyen yo te akize Izrayèl deske li te lanse yon atak ki te touye 4 konbatan sou Preskil Sinayi a, Izrayèl desann yon wòkèt ki tap sòti ann Ejip.

Lame izrayelyèn nan fè konnen li entèsepte wòkèt la byen bonè jodi madi 13 out 2013 LA, men li pa bay detay sou kote li te sòti. Otorite militè izraylyen yo kontinye pou yo di pyès moun pa blese.

Yon gwoup islamik, bò kote pa l, fè konnen se li ki lanse wokèt la pou l te kapab pran revanj pou sa l prezante kòm yon atak Izrayèl te lanse pa lòt bò fwontyè-a vandredi pase a. Izrayèl rejte akizasyon an, pandan Lejip fè konnen fòs zame li te lanse yon misil sou pozisyon militan yo sou Preskil Sinayi a.

Depi yon mouvman leve-kanpe popilè ki te dewoule nan lane 2011 e ki te debouche sou ranvèsman rejim prezidan Hosni Mubarak-la, e sitou depi dechoukaj prezidan Mohamed Mosi nan kòmansman mwe jiyè 2013 la, aktivite militan yo ogmante seryezman nan pati nò preskil la.
XS
SM
MD
LG