Accessibility links

Breaking News

Avyon Telegide Touye 7 Militan al-Kayda nan Yemèn


Sòlda yemenit nan yon pòs sekirite nan yon ri ki mennen nan anbasad amerikèn nan nan vil Sanaa, kapital Yemèn (Foto: 4 out 2013).
Sòlda yemenit nan yon pòs sekirite nan yon ri ki mennen nan anbasad amerikèn nan nan vil Sanaa, kapital Yemèn (Foto: 4 out 2013).
Nan Yemèn, yon aparèy otorite yo sispèk kòm yon avyon telegide ameriken, touye o-mwen 7 militan al-Kayda, yon jou aprè Depatman Deta te mande pèsonèl ki pa esansyèl kite anbasad amerikèn nan peyi a akoz kè-sote konsènan yon posib atak teworis.

Avyon an lanse atak la byen bonè mèkredi 7 out 2013 la nan pwovens Shabwa, e se 5èm operasyon konsa ki dewoule nan Yemèn nan mwens ke 2 semèn. Lèzetazini gen kèk ane deja depi lap itilize aparèy telegide sa yo pou l elimine manm rezo al-Kayda a sou Preskil Arabik la.

Bò kote pa yo, otorite yemenit yo fè konnen yo entèsepte kominikasyon ki gen ladan yo menas kont enstalasyon ak moun nan kapital la ak lòt kote nan peyi a. Nan kòmansman semèn nan, yo te pibliye yon lis 25 moun ki, daprè yo, tap fè preparasyon pou yo lanse kèk atak. Rajeh Badi, spotpawol gouvènman an nan Sanaa, kapital Yemèn, pote presizyon sa yo:

“Nou dekouvri yon gwo operasyon ki, dapre tout aparans, te vize kèk estasyon gazolin nan komin Shabwa, avèk kèk biwo gouvènman an, yon fason pou yo te atake otorite yo. Operasyon sa yo te vize tou 2 pò militan yo te vle sezi e ki nan vil Al-Moukla, nan pati sid peyi a; gen anpil mouvman enpò-ekspò kap fèt nan pò sa yo.”

Nan Washington, Depatman Deta mande pèsonèl ki pa esansyèl pati-kite anbasad amerikèn nan nan Yemèn akoz sa otorite ameriken yo rele “yon posiblite trè zelve pou atak teworis dewoule nan peyi a.” Nan yon rankont ak laprès madi apre-midi, pòtpawòl Depatman Deta a, Jen Psaki, te retounen sou rezon-dèt desizyon an, lè li deklare :

“Prensipal objektif nou se ofri sekirite pou ni pèsonèl diplomatik nou, ni sitwayen ameriken kap vwayaje aletranje. Nou revize desizyon yo chak jou; e se chak jou tou nou evalye enfòmasyon yo… Nou baze desizyon nou yo sou repons nou dwe bay yon menas presi e imedya. »

Ògàn de près yo Ozetazini fè konnen lidè rezo al-Kayda a, Ayman Al-Zawari, pase lòd bay chèf branch rezo a nan Yemèn, Nasir al-Wouhayshi, pou misye lanse atak nan peyi a, daprè kominikasyon ki fèt ant 2 zòm yo e ke otorite yemenit yo rive entèsepte.
XS
SM
MD
LG