Accessibility links

Breaking News

Desizyon Washington pou l Ouvè kèk Anbasad ki te Fèmen Dimanch


Sekretè Deta John Kerry, chèf diplomasi Lèzetazini Damerik e responsab tout anbasad peyi a.
Sekretè Deta John Kerry, chèf diplomasi Lèzetazini Damerik e responsab tout anbasad peyi a.
Lèzetazini ap relouvri kèk misyon diplomatik li nan Mwayen Oryan an ak Afrik di Nò, tandiske 19 anbasad ak konsila rete fèmen nan rejyon an pou rezon sekirite.

Anbasad amerikèn nan Bagdad (Irak), Kaboul (Afghanistan), ak Dhaka (Bangladèch) se 3 pami misyon Depatman Deta otorize pou yo relouvri lendi 5 out la.

Washington te fèmen anbasad ak konsila li nan plis pase 20 peyi nan mond mizilman an ak Afrik di Nò dimanch 4 out 2013 la, e li pibliye yon avètisman kont vwayaj atravè lemond pou sitwayen ameriken yo --avètisman kote otorite yo mete moun an gad kont menas rezo al-Kayda a.

Samdi 3 zout la, La Mezon Blanch te òganize yon rankont wo-nivo sou menas teworis posib kap peze sou Lèzetazini. Pèsonalite ki te dirije rankont sa a se konseye sekirite nasyonal a, Susan Rice; pami otorite ki te prezan, te genyen Sekretè Deta John Kerry, Minis Defans la, Chuck Hagel, ak Minis Sekirite Teritoryal la, Janet Napolitano, san bliye diretkè CIA (Ajans Santral Ransèyman an), direktè FBI la (Biwo Ankèt Federal la) avèk direktè Ajans Sekirite Nasyonal la.

Prezidan Komisyon Sekirite Nasyonal nan Chanm dè Reprezantan an, Michael McCaul (yon depite repibliken), apresye desizyon administrasyon Obama a. Depite McCaul deklare :

« Nou nan yon eta dalèt elve. Mwen panse desizyon administrasyon an pran pou l fèmen anbasad sa yo, se, a la verite, yon desizyon ki trè zentèlijan. »

Pi fò nan anbasad ak konsila ameriken ki te fèmen yo twouve yo nan peyi mizilman tankou Libi, Yemèn ak Irak, kote semèn travay la kòmanse dimanch pou l fini jedi.

Dènye nouvèl yo di otorite ameriken yo deside kenbe 19 anbasad fèmen rive jous nan dat samdi 10 zout la pa mezi de prekosyon, e non pa paske yo wè siyn ki montre genyen plis menas.

Pami misyon diplomatik ak konsilè ki rete fèmen yo, genyen misyon ki nan vil Amman (nan Jòdani), Lekèr (an Ejip), Sanaa (nan Yemèn) ak Tripoli (nan Libi).
XS
SM
MD
LG