Accessibility links

Breaking News

Pap François Retounen Vatikan aprè yon Vizit 7 Jou O Brezil


Pap la anonse pwochen rankont li ak jenès katolik la se an 2016, nan peyi Polòy, kote li va selebre yon lòt fwa Jounen Mondyal Jenès la .
Pap la anonse pwochen rankont li ak jenès katolik la se an 2016, nan peyi Polòy, kote li va selebre yon lòt fwa Jounen Mondyal Jenès la .
Nan fen yon vizit yon semèn Pap François fè o Brezil, Souvren Pontif la retounen Vatikan aprè li fin chante yon gwo mès sou gwo kokenn plaj Rio de Janeiro a, Copacabana, dimanch 28 jiyè 2013 la, kote li mete fen nan selebrasyon Jounen Mondyal Jenès la.

Chèf Legliz Katolik Womèn nan te tou pwofite pou l anonse dat ak kote pwochen rankont jèn katolik yo a travè lemond pral dewoule e nan ki peyi : Se nan 3 zan (2016) e nan peyi defen Pap Jan Paul 2, peyi Polòy. Pap la di :

« Jenn jan byenneme m yo, nou pral genyen yon lòt rankont konsa nan okazyon Jounen Mondyal Jenès ane 2016 la; e se va nan vil Krakovi… »

Vil Krakozi, nan peyi Polòy, se vil natal Pap Jan Paul 2. Se pa ti kontan fidèl katolik ki te prezan yo te kontan lè yo te tande Pap Fançois fè anons sa a. Yon afè de 3 milyon moun te sòti ale sou plaj Copacabana a pou yo te asiste dènye mas Souvren Pontif la chante nan okazyon vizit li a o Brezil.

Anpil nan yo te prezan sou plaj la depi nan samdi e yo te rete dòmi la pou yo pat rate chans pou yo wè pap la yon dènye fwa.

Youn nan pèlren yo, se Maria de Mendonca. Li apresye le fèt ke, nan okazyon vizit pap la, moun pat wè sou plaj Copacabana a machann anbilan kap vann tout kalte bwason ak pwodui pou moun pran plezi; ni non plis tou, yo pat wè medam preske tou touni ki tap vin benyen. Okontrè, tout moun te abiye korèkteman, menmsi te genyen chalè. Madam de Mendonca deklare:

“Pou mwen menm, lè m wè jèn yo ki pap bwè alkòl, ki pap fimen sigarèt, ki pap goumen, ki pap komèt krim ; lè m wè tout bagay ap fèt nan lapè, ebyen, pou mwen se yon gwo sipriz e m di se yon bèl bagay….”

Pandan vizit 7 jou pap la o Brezil, li ensiste sou prensipal mesaj li pou fidèl katolik yo -kit yo se relijye, kit yo se layik : Sè ke yo dwe kite zòn konfò yo, plas kote yo alèz la, pou yo ale lonje lamen bay sila yo ki pòv, sila yo ki defavorize nan kominote kote yap viv la.

Vizit la dewoule nan yon moman kote kèk gwo manifestasyon popilè te souke peyi Brezil --manifestasyon kote pèp la te pwoteste kont desizyon gouvènman an pran pou l depanse plizyè milya dola nan òganizasyon evennman espòtif tankou koup mondyal football 2014 la, olye li sèvi ak lajan sa a pou l konstwi lekòl, bati lopital, amelyore sistèm tanspò piblik la, elatriye.
XS
SM
MD
LG