Accessibility links

Breaking News

23 Jiyè 1987–23 Jiyè 2013 : « Masak Jan Rabèl la » Genyen 26 Zan


Plizyè òganizasyon pèyizan te patisipe, nan jounen 23 jiyè 2013 la, nan komemorasyon 26èm anivèsè masak Jan Rabèl ki te fèt nan lane 1987pandan militè yo tap dirije peyi d Ayiti.

Nan okazyon anivèsè sa a, òganizasyon Tèt Kole Pèyizan Nòdwès te mete divès aktivite kiltirèl ak sosyal sou pye –pami yo te gneyen kèk mach pasifik- pou yo onore memwa viktim yo.

Youn pami pèsonalite ki pran lapawòl nan aktivite sa yo, Robert Metayer, manm kowòdinasyon Tèt Kole Pèyizan Nòdwès, remèsye delegasyon ki te sòti nan tout peyi a e menm a letranje pou manifeste solidarite yo ak pèyizan ki kontinye ap reklame jistis pou viktim yo.

Klike sou « koute » pou w tande yon repòtaj Dieuseul Junior Louis, korespondan nou nan Pòdepè.
XS
SM
MD
LG