Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Afrik di Sid Nelson Mandela ap Fete 95èm Anivèsè Li.


Yon gwoup elèv lekòl ap chante "Bon Anivèsè" pou ansyen Prezidan Nelson Mandela an fas lakay li nan katye Houghton, vil Johannesburg, nan dat 18 jiyè 2013 la -jou ki make 95èm anivèsè nesans li.
Yon gwoup elèv lekòl ap chante "Bon Anivèsè" pou ansyen Prezidan Nelson Mandela an fas lakay li nan katye Houghton, vil Johannesburg, nan dat 18 jiyè 2013 la -jou ki make 95èm anivèsè nesans li.
Jedi 18 jiyè 2013 la make 95èm anivèsè nesans ewo mouvman anti-apartheid la e ansyen prezidan Afrik di Sid Nelson Mandela. Misye Mandela gen plis pase yon mwa depi li kouche lopital avèk yon enfeksyon poumon ki rete yon fason kwonik sou li.

Sitwayen Afrik di Sid yo planifye yon gwo selebrasyon pou anivèsè a nan yon jounen yo batize “Jou Mandela”. Depi kèk ane deja, jou anivèsè lidè sid-afriken an tounen “Yon Jounen Entènasyonal Sèvis”. Otorite yo mande tout moun pou yo konsakre 67 minit nan tan yo pou yo poze yon aksyon charitab –swa yon minit pou chak ane Misye Mandela te pase ap sèvi sosyete peyi li.

Selebrasyon ki make anivèsè nesans Misye Mandela a te kòmanse byen bonè nan semenn nan. Nan yon lekòl pou timoun pòv nan vil Johannesburg --kap selebre 95èm anivèsè fondasyon li ane sa a tou-- elèv yo te mete ansanm pou yo chante kèk chanson pou yo onore lidè mouvman anti-apartheid la. Lekòl sa a chita nan yon katye kote rezidan yo te leve kanpe kont sistèm Apartheid la, menm jan ak Misye Mandela; yo te defye lwa sou segregasyon yo pou yo te fè zòn nan tounen yon katye kote ras yo melanje.

Nelson Mandela ap resevwa tretman nan yon lopital nan vil Pretoria kote otorite yo di sante li nan yon eta kritik, men estab. Mèkredi 17 jiyè 2013 la, yon pitit-fi Misye Mandela, Zindzi Mandela, te pale de sante papa li ak yon ton ki montre li gen bon jan espwa pou papa a. Miss Mandela deklare :

« Papa m pa pi mal. Lap fè bon jan pwogrè. Te gen yon lè kote kè nou te sou biskèt e nou te pè ; nou tap prepare pou n fè fas ak pi move sitiyasyon an. Men se chak jou li kontinye etone nou. Mwen menm avèk manman mwen, nou te wè l yè aprè-midi pandan li tap gade televizyon avèk ti ekoutè li nan zòrèy li ; li te resevwa nou ak yon gwo souri ; e li reyaji trè byen. »

Zindzi Mandela kontinye pou l di se avèk enpasyans papa li ap tann moman pou l kite lopital la. Ann Afrik di Sid e menm nan lòt peyi, yo venere Misye Mandela pou wòl li te jwe nan efò ki te fèt pou mete fen nan diskriminasyon rasyal ak gouvenman minorite blan an. Aprè li te pase 27 tan nan prizon, li te ranpòte Pri Nobel Lapè a nan ane 1993; yon ane apre sa, li te tounen premye prezidan nwa nan tout listwa peyi Afrik di Sid.
XS
SM
MD
LG