Accessibility links

Breaking News

Larisi/Jistis: Lidè Opozisyon Alexei Navalny Kondane a 5 Kan Prizon.


Lidè opozisyon ris Alexei Navalny ap souri pandan lap tande jij la nan yon tribinal nan vil Kirov, nan Larisi (Foto: 18 jiyè, 2013).
Lidè opozisyon ris Alexei Navalny ap souri pandan lap tande jij la nan yon tribinal nan vil Kirov, nan Larisi (Foto: 18 jiyè, 2013).
Nouvèl ki sòti Moskou fè konnen yon tribinal ris jwenn lidè opozisyon Alexei Navalny koupab deske li mele nan detounnman lajan e lajistis kondane misye pou l pase 5 kan nan prizon.

Misye Navalny te tonbe anba akizasyon deske li te fè wout kwochi avèk 500 mil dola, lajan li ta fè nan lavant planch pandan li tap dirije yon konpayi leta nan yon peryòd kote li tap travay kòm konseye yon gouvènè pwovensyal nan lane 2009.

Lidè opozisyon an, ki te leve lavwa pou l denonse koripsyon nan mitan gouvènman ris la, reponn pou l di akizasyon an genyen yon eksplikasyon politik e rezon ki fè otorite yo lage l sou do li, se pou yo eseye fèmen bouch li. Sa pa gen lontan, Alexei Navalny te enskri kòm kandida pou plas majistra vil Moskou.
XS
SM
MD
LG