Ozetazini , minis jistis la, Eric Holder, lanse apèl pou yon nouvo deba nasyonal sou kèk kesyon konplike ki chaje emosyon e ki antoure lanmò jèn nwa ameriken Trayvon Martin.
Minis Holder lanse apèl sa a lendi nan Washington, 2 jou apre yon jiri akite misye George Zimmerman ki te anba akizasyon dèske li te touye anba bal jenn nwa ameriken Trayvon Martin ki pat gen zam sou li.
La-pou-la, apre vèdik la, plizyè milye manifestan te desann nan lari nan plizyè vil amerikèn pou pwoteste kont desizyon jiri a.
Manifestan yo mande la jistis di yon mo sou vèdik sa a ki ta baze, dapre yo, sou « prejije rasyal » . Mesye Holder bò kote pal ajoute, Lèzetazini pa ta dwe kite moman sa a pase pou pa genyen yon « dyalòg sou kesyon an ---yon kesyon difisil, men ki nesesè---sou pwoblèm idantite ki gen rapò ak ras san bliye pwoblèm jèn yo.
Depatman Jistis Lèzetazini fè konnen l ap evalye prèv nan ka sa a pou detèmine si wi ou non li pral pouswiv Zimmerman nan kad vyolasyon dwa sivil misye Trayvon Martin.