Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ris la Deklare Ameriken Edward Snowden ap Kite Larisi


Prezidan Larisi a, Vladimir Putin, fè konnen Edward Snowden, ansyen anplwaye ajans sekrè Etazini ki te revele enfòmasyon sou pwogram siveyans ameriken an, pral kite Larisi depi gen yon opòtinite pou l fè sa.

Msye Putin deklare Lèzetazini “bloke” Snowden sou teritwa ris la akòz li revoke paspò fijitif mawonyè a. Snowden te rive sou tèritwa nou an san envitasyon: "Nou pat envite l. E li pat pran avyon pou l vin jwenn nou…li tap vole an tranzit pou l ale nan lòt peyi. Men lè li te anlè a, moun vinn okouran, e patnè ameriken nou yo aktyèlman bloke l pou l pa kontinye vwayaje. Yo menm kraponnen lòt peyi."

Snowden te jwenn òf azil politik nan Bolivi, Nicaragua ak Venezuela, men li bloke depi 3 semèn nan yon zòn tranzit nan ayewopò sheremetyevon nan, nan Moskou (kapital Larisi) paske li pa kapab vwayaje san dokiman vwayaj.
XS
SM
MD
LG