Ann Ayiti, Biwo Pwoteksyon Sivil ak Sant Nasyonal Meteo-a leve eta dalèt yo te lanse nan okazyon pasaj tanpèt twopikal Chantal ki tounen yon depresyon twopikal.
Sepandan, responsab 2 enstitisyon yo mande popilasyon an rete veyatif toujou. Nan Pòtoprens, direktris Biwo Pwoteksyon Sivil la, Altha Jean-Baptiste, prezante yon bilan kote li fè konnen, daprè evalyasyon ki fèt jiskaprezan, move tan an pa fè ni dega, ni viktim.
Klike sou ikon ki agoch la pou w swiv 2 repòtaj : youn avèk korespondan nou nan Pòtoprens, Rotchild François Junior ki te asiste yon konferans pou laprès Madam Jean-Baptiste bay jedi 11 jiyè 2013 la; epi yon lòt avèk Luckner Laguerre, korespondan nou nan vil Jeremi, kote otorite konsène yo lanse kèk konsiyn pou popilasyon Depatman Grandans la.