Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Chantal Toujou Menase Ayiti – Yon Alèt Wouj Toujou an Plas


Otorite ayisyen yo mentni alèt wouj la pou tout tèritwa nasyonal la, nan moman tanpèt twopikal Chantal toujou reprezante yon menas pou peyi a pandan lap deplase sou Lil Dayiti, sòti nan direksyon lès pou l ale nan direksyon lwès.

Direktè Sant Nasyonal Metewoloji a, Ronald Semelfort, bay popilasyon an konsèy pou l kontinye pran prekosyon menm si gen siy ki montre tanpèt la ap febli.

Klikesou ikon ki agoch la pou w koute yon entèvyou Misye Semelfort bay Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG