Accessibility links

Breaking News

Yon Boeing 777 Asiana Airlines Fè Aksidan nan Ayewopò Entènasyonal San Francisco a


Yon kamyon ponpye ap voye dlo sou avyon Asiana Airlines, vòl 214, ki fè aksidan nan ayewopò entènasyonal San Francisco a (6 jiyè 2013).
Yon kamyon ponpye ap voye dlo sou avyon Asiana Airlines, vòl 214, ki fè aksidan nan ayewopò entènasyonal San Francisco a (6 jiyè 2013).
Nouvèl ki sòti nan Eta Kalifoni, Ozetazini, fè konnen yon boeign 777, yon ayvon konpayi Asiana Airlines, vòl nimewo 214, fè aksidan nan ayewopò entènasyonal San Francisco a nan fen apremidi jounen samdi 6 jiyè 2013 la. Aparèy la tap sòti nan Seoul, kapital Kore di Sid.

Yon temwen fè konnen li wè ke avyon an sòt tonbe imedyatman apre aparèy la te fin ateri. Daprè kèk lòt temwen, avyon an te fè yon sòt de balanse 2 bò, sa ki te lakoz omwen youn nan zèl li yo kase.

Moun te kapab wè tou yon gwo flanm dife ki tap sòti nan avyon an, alòske 2 eskalye pou sòti dijans te deplwaye sou tou lè 2 bò li. Ou ka wè tou debri ki rete atè a pandan aparèy la tap deplase sou teren aterisaj la. Te genyen 307 moun abò a -291 pasaje ak 16 manm ekipaj.

FAA (Federal Aviation Administration), ajans federal ki la pou regle zafè transpò ayeryen Ozetazini, entèdi tout vòl pou le moman nan ayewopò San Franciso a ki rete fèmen pwovizwaman.

Daprè dènye nouvèl yo, menmsi pilòt la te yon veretan deyè volan yon avyon avèk plizyè santèn lè vòl, se 9 fwa sèlman li te pilote yon Boeing 777 e se premye fwa li tap ateri nan ayewopò entènasyonal San Francisco a.
XS
SM
MD
LG