Accessibility links

Breaking News

Tennis-Wimbledon: Fransèz Marion Bartoli Ranpòte Final Ane 2013 la


Fransèz Marion Bartoli avèk twofe a nan men l aprè viktwa li an final sou almand Sabine Lisicki nan Wimbledon, London (6 jiyè 2013).
Fransèz Marion Bartoli avèk twofe a nan men l aprè viktwa li an final sou almand Sabine Lisicki nan Wimbledon, London (6 jiyè 2013).
Nan tennis, fransez Marion Bartoli rive mete men sou premye tit gren chelem li: Manmzèl bat, nan match final tounwa Open Wimbledon nan nan vil Lond, jenn sansasyon almand’ Sabine Lisicki an 2 set afile sou yon skò 6-1 e 6-4. Miss Bartoli, ki genyen 28 tan e ki klase15èm mondyal, te pèdi final All England Club la nan ane 2007. Sepandan, nan final ane sa a, li te domine advèsè l la, Miss Lisicki, ki klase nimewo 23 mondyal.

Nap raple anpil gwo moso, gwo jwèz nou jwenn byen wo nan klasman tennis mondyal la (tankou amerikèn Serena Williams) te elimine byen bonè nan kòmansman open Wimbledon nan ane sa a –yon tounwa ki dire 2 semèn. Konsa, Open anglè a te gen pou l prezante yon final avèk 2 advèsè okenn espesyalis pat prevwa nan pwonostik yo.

Marion Bartoli ranpòte 6 je afile nan premye set la, aprè li te komèt yon doub erè ki te pèmèt Sabine Lisicki ranpòte premye je a. Nan dezyèm set la, fransèz la te jwenn mwayen li ranpòte 5 je youn apre lòt. Almand la ta pral remonte pant la pou l te fè piblik la ak telespektatè yo asiste yon match trè sere… anvan li te fin pa sede devan Bartoli ki te genyen yon sèvis puisan e enparab pafwa.

Se premye gran tit Marion aprè li te patisipe 47 fwa nan yon tounwa Gran Chelem.
XS
SM
MD
LG