Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon ap Kontinye ann Ejip aprè Lame fin Ranvèse Prezidan Mohamed Morsi


Opozan prezidan dechouke Mohamed Morsi ap fè drapo nasyonnal la flote, tandiske yo gen nan men yo foto Lt. Gen. Abdel-Fattah el-Sissi, sou plas Tahrir la, nan vil Lekèr (Vandredi 5 jiyè 2013).
Opozan prezidan dechouke Mohamed Morsi ap fè drapo nasyonnal la flote, tandiske yo gen nan men yo foto Lt. Gen. Abdel-Fattah el-Sissi, sou plas Tahrir la, nan vil Lekèr (Vandredi 5 jiyè 2013).
Nan peyi Ejip, Frè Mizilman yo (pati prezidan Mohaed Morsi ke Lame wete sou pouvwa a mèkredi 3 jiyè 2013 la) lanse yon apèl pou yon gwo manifestasyon dewoule kont militè yo vandredi 5 jiyè a. Frè Mizilman yo fè pati yon alyans pati islamik ki mande pwotestasyon san vyolans nan tout peyi a apre seyans lapriyè vandredi a va fin fèt.

Pandansetan, selebrasyon kontinye dewoue nan lari yo depi lame te fòse Misye Morsi kite pouvwa a apre plizyè jou gwo mouvman pwotestasyon opozisyon an te mete sou pye kont prezidan Morsi. Frè Mizilman yo rejte lejitimite Jij Adly Mansour, prezidan Kou Siprèm nan, ki prete sèman jedi kòm prezidan pwovizwa. Se konsa tou Frè Mizilman yo refize fè pati yon gouvènman tranzisyon. Gehad El-Haddad, pòt-pawòl pati a, eksplike pouki sa lè li deklare:

“Nou lage tout responsablite a sou do tout moun ki te patisipe nan kou-deta oubyen ki te pèmèt li rive; yap responsab tout move zak, tout sa ki mal ki rive prezidan an ak antouraj li, tout sa ki nui letitimite pouvwa a nan peyi a, tout sa ki mal ki rive Doktè Mohamed Morsi. Nou lanse apèl bay putchist yo pou n mande yo mete fen pwovizwaman nan arestasyon ilegal prezidan an, ki se yon pezidan eli. Se pou yo kite li-menm ak pèp la regle mezantant ki ta egziste antre yo. »


Manifestasyon ki fikse pou vandredi a reprezante yon gwo tès pou gwoup politik mizilman yo ; moun pral wè si yo toujou genyen apui popilasyon ki te mennen yo sou pouvwa a nan yon seri eleksyon ki te dewoule aprè dechoukaj ansyen prezidan diktatè Hosni Mubarack an 2011. Byen bonè vandredi, responsab sekirite yo te fè konne militan islamik ame te atake plizyè pòs polis nan zòn Sinayi a kote yon sòlda ejipsyen mouri tandiske omwen 2 lòt blese.
XS
SM
MD
LG