Prezidan Bolivyen an, Evo Morales, menase pou l fèmen anbasad Lèzetazini an nan La Paz. Misye Morales akize Washington dèske li te fè presyon sou kèk peyi ewopeyen pou yo te refize avyon li pase nan espas ayeryen yo madi 2 jiyè 2013 la, paske sèvis sekrè ameriken te sispèk ansyen konsiltan Ajans Sekirite Nasyonal Lèzetazini, Edward Snowden, te abò avyon ki tap transpòte Misye Morales pandan li tap sòti nan Larisi pou li retounen Bolivi .
Jedi 4 jiyè 2013 la, manifestan te voye penti sou mi konzila ameriken an nan vil Santa Cruz, nan Bolivi, e yo te boule drapo ameriken an. Aksyon sa yo te pouse responsab yo nan anbasad amerikèn nan La Paz anile selebrasyon 4 jiyè a, jou anivèsè endepandans Lèzetazini. Nan yon meeting ki dewoule nan menm jounen jedi a, Misye Morales te pale de aterisaj fòse avyon li a te fè nan vil Vyèn, nan peyi Otrich. Apre meeting nan, plizyè lòt dirijan latino-ameriken te patisipe nan yon rankont kote yo te diskite sou ensidan an .
Vrèman vre, prezidan peyi Ajantin, Ekwatè, Sirinam, Irigwe ak Venezuela ranontre avèk Evo Morales nan vil Cochabamba, nan Bolivi. Lidè yo egzije yon ekskiz piblik nan men peyi tankou Lafrans, Itali, Pòtigal avèk Espay poutèt yo te rifize kite avyon ki tap transpòte prezidan Morales la itilize espas ayeryen yo.
Prezidan bolivyen an te ale Moskou pou yon rankont kote li te anvizaje posibilite pou peyi li ta bay Edward Snowden azil politik. Dapre nouvèl ki soti nan ajans nouvèl ameriken Bloomberg News, prezidan sid-ameriken yo mande yon lòt reyinyon pki fikse pou 12 jiyè, nan peyi Irigwe, pou kontinye fè deba sou dosye a.