Eta-sante ansyen prezidan sid-afriken Nelson Mandela rete nan yon kondisyon ki trè grav.
Depi kèk jou deja, yon gwoup moun kap priye pou malad selèb la e ki swete li rejwenn bòn sante li, òganize yon retrèt-o-flanbo an pèmanans devan lopital kote doktè ap pran swen ansyen lidè a nan vil Pretoria. Youn nan moun sa yo, ki prezante tèt li tou senpleman sou non Masello, eksplike rezon ki fè li deside patisipe nan retrèt-o-flanbo manch long sa a. Madam Masello di:
“Si m rete isit la, se paske mwen santi l enpòtan pou m rete pi pre senbòl mondyal, ekzanp mondyal sa a, pou m priye pou li, epi priye tou pou lafanmi Mandela pandan yap pase moman difisil sa a.”
Nan yon deklarasyon prezidan sid-afriken an, Jacob Zuma, fè parèt vandredi 28 jen 2013 la, li fè konnen li te vizite Nelson Mandela ankò jedi nan lopital la. Misye Zuma di –nap site :
« Malad la parèt pi byen nan sware jedi a ke jan m te wè li lè m te rann li vizit nan fen sware mèkredi a. »
Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap debake ann Afrikdi Sid vandredi; men moun poko konnen egzakteman si li pral vizite ansyen lidè sid-afriken an nan lopital kote li kouche a.