Sekretè deta ameriken an, John Kerry, gen pou ankouraje yon relans nan chita-tande lapè Mwayen Oryan an pandan rankont li pral genyen avèk lidè 2 eyi ki mele nan konfli a ki la depi lontan deja.
Misye Kerry kontinye yon navèt diplomatik ki mennen li nan vil Amman, kapital Jòdani, kote li rankontre avèk Wa Abdallah, anvan li te ale Jerizalèm pou l fè chita-tande avèk Premye Minis Benjamin Netanyahu.
Chèf diplomasi amerikèn nan ap retounen Amman vandredi 28 jen 2013 la pou l rankontre ak prezidan palestinyen an Mahmoud Abbas.
Sekretè Deta ameriken an deklare premye minis Izrayelyen ak prezidan pouvwa palestinyen pran agajman pou yo rekòmanse negosyasyon yo ; men li rekonèt li pral trè difisil pou pwogrè fèt.
Li ajoute Misye Netanyahu ak Misye Abbas ta renmen wè pwosesis lapè a avanse. Sekretè deta Etazini an fini pa di li pa ta ale nan rejyon an kounye a si l pat panse gen posibilite pou chita-tande lapè yo rekòmanse mache nan bon sans la.