Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon sou Pozisyon Prezidan Michel Martelly Konsènan Enpòtans Èd Venezuela pou Ayiti


Nan yon konferans pou laprès Prezidan Michel Martelly te bay ansanm ak Prezidan Venezuelyen an, Nicolàs Maduro, ki t ap vizite Ayiti Madi 25 jen 2013 la, lidè ayisyen an te chante lwanj kowoperasyon ant 2 peyi yo.

Misye Martelly te pwoklame sa li konsidere kòm yon gwo verite, le fèt ke -nap site: “94 pou san tout pwojè devlopman kap fèt ann Ayiti jounen jodi a resevwa finansman peyi Venezuela”, atravè inisyativ ki rele Petro-Caribe a.

Obsèvatè yo gen yon eksplikasyon pou rezon ki fè otorite ayisyen yo prefere itilize fon Petro-Caribe a olye de èd ekonomik rès kominote entènasyonal la mete a la dispozisyon peyi a.

Nan pwogram lib tribin Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, Dyaloge ak Etazini, edisyon mèkredi 26 jen 2013 la, ekonomis Paul Latortue, analis politik Robert Benodin ak pwofesè relasyon entènasyonal Jean Robert Simonize te fè tande vwa yo sou dosye a.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute pozisyon 3 envite nou site yo sou kowoperasyon ant Venezuela avèk Ayiti jounen jodi a.
XS
SM
MD
LG