Accessibility links

Breaking News

Pwochen Diskou Prezidan Obama sou Chanjman Klimatik yo


Prezidan ameriken an, Barack Obama, anonse li pral bay detay sou pwogram administrasyon n nan genyen pou l konbat chanjman klimatik yo nan yon diskou li gen pou prononse madi 25 jen 2013 la. Pou reyalizasyon pwogram sa a, Misye Obama ap gen pou l konte plis sou aksyon pouvwa egzekitif la e mwens sou lwa Kongrè a ka pase sou kesyon chanjman klima a.

Prezidan an te anonse pwojè li genyen sou dosye sa a nan yon mesaj-videyo La Mezon Blanch poste sou entènèt la samdi 22 jen an e kote lidè ameriken an di:

“Madi k ap vini an, nan Inivèsite Georgetown, mwen pral bay detay sou vizyon mwen konsènan ki kote mwen kwè nou dwe ale. Se yon plan nasyonal pou n redui polisyon kabònik, pou nou prepare peyi nou an pou konsekans chanjman klimatik yo, pi gide efò kap fèt nan nivo mondyal la pou lite kont chanjman sa yo.”

Msye Obama poko bay detay sou pwojè li a. Sepandan, daprè otorite yo nann La Mezon Blanch, li pral genyen ladan n yon plan pou ankouraje pwodiksyon e itilizasyon enèji renouvlab, epi itilizasyon aparèy ak konstriksyon bilding ki konsome mwens enèji.

“Pa gen yon sèl grenn pwogram pou kont li ki ka chanje efè chanjman klimatik yo. Men, pou sa ki konsènen kesyon pou konnen ki mond nap kite pou ti moun nou yo, devwa nou anvè yo, se fè tout sa nou kapab pou n rezoud pwoblèm n an.”

Lejislasyon sou anviwonman an rankontre gwo opozisyon nan Kongrè a ; donk obsèvatè yo atann yo aske Prezidan Obama pral pwopoze yon seri aksyon pouvwa egzekutif la kapab pran san li pa bezwen yon vòt nan Kongrè.

San di pètèt, se Depatman Enèji a ak Ajans Pwoteksyon Anviwonman an (EPA) ki pral genyen pou mete nouvo pwogram sa a ann aplikasyon. Misye Obama pral fè diskou li a yon jou anvan li tanmen yon toune sou kontinan afriken an kote li pral pase yon semèn.
XS
SM
MD
LG