Accessibility links

Breaking News

Posib Pwoblèm Diplomatik ant Lèzetazini ak Larisi akoz Dosye Snowden nan


Snowden
Snowden
Ozetazini, La Mezon Blanch fè konnen li espere Larisi va analize tout opsyon li gen a la dispozisyon li pou l voye tounen Ozetazini yon espesyalis nan afè sèvis sekrè ameriken ki tap travay sou kontra pou Konsèy Sekirite Nasyonal Lèzetazini an e ki anba akizasyon deske li mele nan aktivite espyonaj. Non akize sa a se Edward Snowden. Yè dimanch la, misye te kite zile Honk Kong nan yon avyon ki mennen li nan vil Moskou, kapital Larisi.

E. Snowden ap eseye evite ekstradisyon Ozetazini kote lajistis bezwen misye pou l reponn akizasyon deske li te pibliye detay sou operasyon kote gouvènman ameriken an mete siveyans sou apèl telefonik sitwayen yo ak aktivite yap mennen sou entènèt la, ni nan peyi yo, ni a letranje. Aprè akize a te fin poze zak sa a, li te kouri ale sou zile Honk Kong.

Otorite yo nan Hong Kong fè konnen yo pat fin satisfè ak fason Washington te soumèt yon demand ekstradisyon kont E. Snowden; e se pou sa yo kite l ale Moskou. Mike Rogers se yon manm chanm depite ameriken an kote l ap dirije Komisyon Sèvis Sekrè a. Misye Rogers te abòde dosye Snowden nan dimanch 23 jen 2013 la nan yon pwogram ki pase sou chèn televizyon NBC e ki rele Meet the Press.

Depite Rogers di :
"Depi jodi a deja, sanble Snowden pral pran yon lòt avyon pou l kite Moskou; anpil moun panse misye vle ale Kiba. Nou byen konnen genyen trafik ayeryen ant Moskou ak Kiba. E nou byen konnen tou se tout moun nan 2 peyi sa yo ki ennmi Lèzetazini."

Depite Rogers te kontinye pou l di gouvènman Obama a ta dwe itilize tout mwayen legal li genyen a la dispozisyon li pou l fè Edward Snowden retounen Ozetazini. Bò kote pa l, Senatè Dianne Feinstein, yon demokrat eta Kalifoni, apiye ak tout fòs pozisyon Misye Rogers la. Madam Feinstein fè wè sa byen klè nan menm jounen dimanch la, pandan li t ap patisipe nan pwogram Face The Nation ki pase sou chèn televizyon CBS.

Senatè Feinstein di:
“Mwen ta renmenn wè yo mete men sou misye epi mennen li tounen pou l jije.”

Senatè Dianne Feinstein ajoute li gen kè-sote pou Edward Snowden pa revele plis sekrè Lèzetazini toujou, si li pa anba men otorite ameriken yo. Vrèman vre, otorite Lèzetazini yo fè konnen misye deja koze gwo dega, li deja komèt anpil domaj nan pwogram sèvis sekrè ameriken an. Direktè Ajans Sekirite Nasyonal Lèzetazini an, Jeneral Keith Alexander, li menm tou, te abòde dosye a nan pwogram This Week ki pase chak dimanch sou chèn televizyon ABC.

Misye Alexander deklare:
“Sekrè Snowden revele yo, koze dega enpòtan e ki pa ka repare ni pou peyi nou an, ni pou peyi alye nou yo.”

Daprè otorite ameriken ki pale de afè sa a (kit se demokrat, kit se repibliken), aksyon Edward Snowden komèt yo pa ba l okenn dwa pou l konsidere tèt li kòm yon ewo ki ta swadizan denonse aksyon ilegal gouvènman ameriken an ta komèt. Se opinyon senatè repibliken Lindsay Graham, ki pale sou dosye a pandan l tap patisipe nan pwogram Fox News Sunday nan menm jounen dimanch la.

Senatè Graham fè konnen:
“ Wout ki mennen nan libète a pa pase egzatteman pa Lachin-Larisi-Kiba-Venezuela. Alòs, mwen espere nou pral lage yon koukouwouj dèyè misye, menm jous nan lekstremite latè.”

Nan deklarasyon Edward Snowden fè pou laprès, li di se konsyans li ki te oblije li bay detay sou aktivite sèvis sekrè Lèzetazini an, pou piblik la te kapab konnen tout dimansyon aktivite gouvènman ameriken an mete sou pye pou l ranmase enfòmasyon sekrè sou moun.
------------------------------------------------------------------------------------------
Nouvèl flash - Dènye minit
:

Akize Snowden te sipoze kite vil Moskou lendi 24 jen 2013 la pou yon peyi moun pa konnen e ki ta dispoze ba li azil politik. Nan fen jounen an nan kapital Larisi a, misye te abò yon avyon ki te gen pou ale nan vil La Avàn, peyi Kiba, avèk Ekwatè kòm destinasyon final. Sepandan, avyon an dekole san moun pa wè oken sign ki ta fè konprann li abò a vrèman.

Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, kap vizite peyi Lend, pale pou l di otorite Lèzetazini yo pa konnen egzatteman ki direksyon Edward Snowden pran, ni nan ki peyi li kapab ale rete finalman. Misye Kerry ajoute –nap site :
«Se tap yon gwo pwoblèm si Hong Kong ak Larisi ta kite Edward Snowden pati pou misye kontinye vire-won lap fè nan lemond pou l eseye chape anba men lajistis amerikèn. »

Pandansetan, minis afè etranjè ekwatoryen an, Richard Patino, bay yon konferans pou laprès nan peyi Vyetnam kote li deklare li pa kapab di anyen sou kesyon pou konnen ki kote Snowden ye ; sepandan li rekonèt le fèt ke gouvènman ekwatoryen an rete an kontak ak Moskou sou dosye a.
XS
SM
MD
LG